Fèy bazilik gen anpil byenfè, men malerezman anpil moun pa bal enpòtans. Men kèk avantaj fèy sa pou sante nou... Ou ka itilizel pou geri anpil maladi e menm pwoblèm moun ki pa ka fè pitit. 1- Li bon pou moun kap touse: Pran kèk fèy kraze yo epi pran jus a mete yon ti dlo cho epi bwèl, ou ka bay timoun ki gen 2 ans ou plus li. 2- Li bon pou moun ki gen problem lestomak, wap pran kèk fèy epi fè jus bwè’l. Siw gen nozé, indijésyon 3- Li bon pou moun ki soufri kè, pou moun kap fimen anpil. 4- Li bon pou moun ki gen doulè, tankou doulè règ, fyèv, grip, moun ki pa ka respire byen, bwèl wap santi’w byen. 5- Li estimule fètilite ògàn ki pèmèt fanm ak gason fè pitit. 6- Li ranfòse espèmatozoyid, li prevni enfètilite. 7- Se yon antibyotik efikas, ou ka pranl ou bouyil pou fè te 3 a 4 fwa pa semèn. 8- si wap fè manjé ak yon vyann ki gen sant fò ampil, meté youn ou 2 fèy bazilik nan vyann nan lè wap toufel. Lap desann sant lan.