⭕ENFÒMASYON NOU DWE KONNEN SOU LWA KOUZEN ZAKA, KOUZEN AZAKA🍠🥑🌰🍆🌽🍀🍅🥕🥒🥔🥔🦀🍾🌳🌲🌱🌵🌴🍀🌾🌿🍁🍂🌸
🔵LWA KOUZEN ZAKA🌽JWE YON GWO WÒL ENPÒTAN NAN PANTEYON #VODOU_AYISYÈN AN, SA VLE DI LI JWE YON WÒL KI PRIMÒDYAL NAN TRADISYON ZANSÉT NOU YO. NAN PEYI D'AYITI SE LWA SA YO BAY RESPONSAB KOZE AGRIKILTI, KI VLE DI SE LI KI JERE KOZE LATÈ, SE LI KI BAY MANJE NAN PEYI A NAN KESYON JADEN YO, LI SE CHÈF SEMANS AK REKÒT YO. PASKE TOUT FÒS VIF PEYI A SE NAN TÈ A YO CHITA KÒ' YO. ⭕AZAKA🌽 SE LI KI MINIS AGRIKILTI, ENÈJI SA KWÈ NAN KILTIVASYON AK ELVAJ ANPIL E LI ABITE NAN JADEN YO, KI SE KAY LWA SA. LWA SA TRÈ JANTI E SAJ LÈ LI VINI, TOUT MOUN RENMEN'L E RESPÈKTE'L KÒM YON BRAV TRAVAYÈ KI GEN ANPIL FÒS AK KOURAJ POU TRAVAY LATÈ🌍 POU BAY VODOUVI YO MANJE. 🔵NAN MANIFÈSTASYON'L DJAKOUT LI TOUJOU SOU DO'L AK KOUTO DIGO (SÈPÈT) LI, LI TOUJOU METE PATALON BLE DI DIGO'L AK CHEMIZ KARABELA. EPI CHAPO PAY LI NAN TÈT, PYE ATÈ FOULA'L NAN KOU'L, GWO BOUT KACHIMBO'L NAN DYÒ LI. ⭕LWA SA LÈ LI AP VINI SOU YON ERITYE WAP WÈ MOUN SA AP KÒMANSE GRATE PYE'L